Istwa Nou
IA a te fèt san nou, nou desizde chanje sa
Kreyol IA pa t kòmanse ak yon plan biznis. Li kòmanse ak yon konstatasyon senp: IA yo itilize chak jou a pa t janm konstwi pou nou, ni pou lang nou, ni pou kilti nou, ni pou reyalite Ayiti ak Karayib la. Nou desizde chanje sa.
Deklik la
Youn nan pi gwo pwoblèm ak entèlijans atifisyèl jodi a, se ke li pa t fèt pou nou. Pifò modèl IA antrene ak done oksidantal: yo pa metrize kreyòl ayisyen, e kontèks kiltirèl nou an, sosyal ak ekonomik nou an, absan nèt.
Se konstatasyon sa a ki bay nesans a Kreyol IA: yon dezi pou rann entèlijans atifisyèl aksesib pou Ayisyen ak Karayibeyen, ak yon IA ki antrene sou done ayisyen e ki metrize kontèks kiltirèl, sosyal ak ekonomik kilti nou an.
nan biznis Ayisyen yo pa prezan sou entènèt, yon reyalite ki montre gwosè travay ki genyen pou fè pou ede antreprenè Ayisyen, kit yo an Ayiti oswa nan dyaspora a, adopte dijital la.
Misyon Kreyol IA se pa sèlman bati zouti IA an kreyòl. Se tou akonpaye biznis Ayisyen yo nan tranzisyon dijital yo, avèk yon konpreyansyon reyèl reyalite yo.
Avoka de fòmasyon, enfòmatisyen, e pwofesè lèt fransèz nan nivo segondè ak twazyèm sik, Pierre François pa vini nan mond IA a pa yon chemen tradisyonèl. Li te etidye syans enfòmatik nan Alliance (depanaj, antretyen ak reparasyon òdinatè) anvan li fè kalifikasyon lalwa ak ansèyman.
Pasyone pa nouvo teknoloji, li te enterese nan entèlijans atifisyèl depi premye lè. Pi fò nan konesans li yo, li akeri yo atravè pratik ak travay chak jou, yon apwòch ki fè l vin ekspè nan prompt engineering, nan kreyasyon imaj ak videyo pa IA, ak li fòme tèt li tou nan vibe coding, deplwaman sit wèb, ak kreyasyon frontend/backend.
Vin premye ajans IA an kreyòl
Twa pilye k ap gide chak desizyon nou pran.
Kilti anvan tout bagay
Chak solisyon nou bati kòmanse ak lang lan, kilti a, ak reyalite ekonomik Ayiti ak Karayib la, pa yon tradiksyon senp yon zouti oksidantal.
Aprantisaj kontinyèl
Teknoloji IA yo ap evolye chak jou. Nou fòme tèt nou san rete pou rete a pwent, e nou pataje sa nou aprann ak kliyan nou yo.
Solisyon, pa vant
Nou pa la pou vann yon mo alamòd. Nou la pou pote yon solisyon konkrè a yon pwoblèm reyèl biznis ou genyen.
Ekspè ki konplete youn lòt
Ekip Kreyol IA konpoze ak ekspè nan entèlijans atifisyèl, maketing dijital, design grafik ak web design. Nou fòme tèt nou san rete, paske nouvo teknoloji yo pa sispann evolye, e nou refize rete dèyè.
Vle fè pati istwa a?
Kit ou se yon biznis ki vle antre nan dijital, kit ou senpleman kirye, nou la pou pale avèk ou, an kreyòl.
Kontakte nou sou WhatsApp